Amelyore moral ou pou konbat tristès sezon fredi a
Mwa kote gen mwens limyè yo ka afekte moral nou ak enèji nou. Men, ti chanjman ka fè yon gwo diferans. Aprann fason senp pou leve moral ou epi pote kè kontan bay moun ki bò kote ou.
Sezon fredi ka difisil pou santiman nou ak lespri nou. Jounen ki pi kout ak tan ki pi frèt ka fè nou rete andedan plis pase nòmal. Sa ka vle di mwens limyè solèy, mwens aktivite ak mwens kontak ak lòt moun, tout bagay ki gen rapò ak kè kontan.
Sezon fèt la ka pote anpil kè kontan. Men, li ka pote estrès, orè chaje ak souvni moun nou renmen ki manke nou tou. Se pa etonan anpil nan nou santi nou yon ti jan pi dekouraje, enkyè oswa poukont nou nan peryòd sa a nan ane a.
Bon nouvèl la? Ti chwa ou fè chak jou ka leve moral ou epi ede w santi ou pi konekte ak lòt moun. Men senk fason pou jwenn plis kè kontan pandan sezon fredi sa a.
1. Pran kontak epi kenbe relasyon yo
Pran telefòn nan pou rele, voye yon mesaj tèks oswa kòmanse yon apèl videyo ak yon zanmi oswa yon moun ou renmen. Yon ti mesaj ki di “m ap panse ak ou” ka gen anpil enpòtans. Si ou kapab, pran abitid pale chak semèn ak yon moun ki fè w souri. Nou ka rankontre pou bwè kafe oswa pale nan telefòn. Planifye moman regilye pou pran nouvèl youn lòt ka fè li pi fasil pou pran kontak.
2. Pwofite kè kontan sezon fèt la
Sezon fèt la ofri anpil fason pou kreye kè kontan. Kwoke ti limyè k ap klere, koute mizik fèt oswa prepare bonbon fèt ou pi renmen yo. Patisipe nan aktivite lokal yo tou. Ale nan yon mache sezon fredi, asiste yon seremoni limen pyebwa oswa patisipe nan yon echanj bonbon. Menm ti moman lajwa ka mete chalè nan kè ou.
3. Ede lòt moun
Fè volontarya ka ede w santi ou konekte ak lòt moun epi yo bezwen w. Anpil òganizasyon ap chèche plis èd pandan sezon fèt la. Chwazi yon kòz ki enpòtan pou ou epi chèche fason pou ede. Kontinye patisipe pandan tout ane a si ou kapab.
4. Pran tan pou tèt ou
Èske ajitasyon sezon fèt la ba ou estrès? Pa bliye pran tan pou bagay ki detann ou epi ki remete w anfòm. Li yon bon liv, fè kèk detire dousman oswa pwofite yon moman trankil ak yon tas te. Sa pa vle di ou egoyis; se pran swen tèt ou.
5. Kontinye bouje (menm andedan)
Bouje ede leve moral ou. Èske li twò frèt pou fè aktivite deyò? Mache ak yon pa rapid nan yon sant komèsyal pandan w ap fè acha. Eseye yon videyo egzèsis gratis sou entènèt lakay ou. Oswa pran yon ti poz pou danse an fanmi nan salon an. Kèk minit detanzantan vrèman akimile.
Jwenn èd pandan yon kriz. 988 Suicide & Crisis Lifeline bay konsèy ak sipò emosyonèl an prive, san frè, 24 èdtan sou 24, 7 jou sou 7. Rele oswa voye yon mesaj tèks nan 988 oswa tchat sou 988lifeline.org pou jwenn èd.
Kijan pou rekonèt siy solitid
Sezon fèt la se yon tan pou moun reyini. Men, pou kèk moun, se yon peryòd kote yo ka santi yo poukont yo. Sa ka rive moun ki lwen fanmi yo, k ap viv yon dèy oswa ki santi yo mete yo sou kote.
Ou ka fè yon diferans senpleman lè ou remake moun ki bezwen kontak epi ou pwoche bò kote yo. Men kèk siy solitid pou w veye lakay lòt moun:
- Chanjman nan abitid, tankou manje oswa dòmi plis oubyen mwens pase nòmal. Oswa pa pratike pastan yo abitye fè yo.
- Refize bagay yo te konn renmen oswa evite rankont sosyal ak moman an fanmi.
- Bwè plis alkòl oswa itilize lòt sibstans pi souvan.
- Sanble yo pi fasil fache, pi tris oswa pi fèmen sou tèt yo. Yo ka pale mwens pase nòmal oswa gen chanjman imè.
- Gen plis maltèt, vant fè mal oswa lòt doulè. Estrès ka afekte sante fizik.
Veye siy sa yo lakay zanmi ou, fanmi ou, vwazen ou ak lòt moun ou renmen. Pafwa, pi piti jès la, tankou yon envitasyon, pran nouvèl yon moun oswa senpleman chita ansanm, ka ede yon moun santi li mwens poukont li.